Bernard

Song

Bernard

Zenglen · Bravo Victorious · 2022 · 4:31

Lyrics

Banm bwè ti dlo pou sezisman Pou sa pa fin tuye mwen Mwen choke Mwen trè dezapwente Madanm marye m' k'ale travay Bliye telefon li lakay Bagay sa vle mete dlo nan je m Oh Gen you Bènadin hmm ki rele set fwa Mwen pa dekwoche mwen pa reponn Li pran voye tèks hmm mwen di fo m' gade Mwen ale tonbe sou you mesaj ki bay tèt fè mal Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o Chaje ak kesyon ki bezwen repons Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o Mwen pap akuze men kè m' pa poze La madame konnen Bènadin trè byen Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe Daprè sa mwen li madanm konn sou do Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o Chaje ak kesyon ki bezwen repons Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o Mwen pap akuze men kè m' pa poze La madame konnen Bènadin trè byen Yo gen twa zan depi yap pale pale san kanpe Daprè sa mwen li madanm konn sou do Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo Ayayay Li konfese Ayayay Li konfese peche a Ayayay Li konfese Li ban mwen laverite Bernadine se Bernard Yo kite Li rete Bois-Vernat Yo kite Misye genyen viza L' konn vin vizite bo isit Yo gen lontan y'ansanm Yo kite Men yo sot fenk kite Yo kite Li di se deja fini entre li menm ak misye

Lyrics provided by LRCLIB.

Popular by Zenglen